« Bwa Kale » pote gwo soulajman nan tèt mòn Petyonvil, men ekip Vitèlòm nan toujou ap tayebanda kèk kote.

Mouvman Bwa Kale a pote yon kokennchenn soulajman pou moun k ap viv Tomasen, Fèmat, men genyen divès lòt kote sitiyasyon an rete konplike. Pa egzanp, nan katriyèm Bèlvi Lamontay, sa vle di zòn Nandonte, Franswa, Dival ak Divye, gang yo toujou ap touye sitwayen pezib ki ap travay nan jaden yo. Popilasyon an lonje dwèt sou « Bikoul ak Woudley » ki se 2 chèf gang nan lokaliye sa yo, ki touye moun chak jou san rete, e korespondan nou nou depèche nan zòn verifye kalamite moun yo pou nou.

Jaden yo bon pou rekòlte, men moun pa ka pwoche. Manje ap gaspiye, bèt peyizan yo, tankou mouton, kabrit, bèf, kochon, tout ap mouri grangou ak swaf dlo nan pikèt. Se yon dezolasyon gouvènman an ak otorite lokal yo inyore.

Wikenn pase a, pandan yo t ap chante antèman yon jèn gang nan te touye, bandi yo te retounen touye moun ankò nan menm antèman an e se konsa yon jèn gason ki rele Janwobè ak divès lòt moun zòn sa a te pèdi lavi yo, san konte sa ki sou kabann lopital nan moman an. Gang sa a se menm branch gang Kraze Baryè, Vitèlòm Inosan ap dirije e ki gen baz li nan Pènye, zòn Doubay, Anbagalèt, Tòsèl ak Pènye, epi ki gaye branch li yo nan zòn Divye, Dival, Franswa ak Nandonte kote 2 chèf gang sa yo, ki se « Bikoul ak Woudley » ap simen kadav san kanpe, alòske Lapolis abandone zòn sa yo ki pwodui legim, salad, sereyal an kantite pou alimante tout makèt ak mache nan kè Petyonvil.
@ameriqueinfo7