Kannal nan tout rakwen peyi d Ayiti: yon responsabilite leta-pèp

Nan tout peyi ki chwazi wout pwogrè, lapè ak diyite, agrikilti pa rete eksklizivman nan men peyizan. Leta, nan politik li defini pou agrikilti, ensere nan bidjè l lajan nesesè pou mekanize agrikilti li epi endistriyalize domèn nan. Pou n pi klè, leta fè jaden, li plante tout kalte manje bouch manje. Menm leta sa a nan elvaj tout kalite bèt ak volay moun manje. Pafwa, sa konn rive leta travay pou kò l oubyen l fè yon PPP (patenarya piblik-prive) oubyen li lwe tè bay gwo konpayi ki vèse nan yon domèn kle li chwazi pou fè elvaj tèl bèt, oubyen plante tèl kalte manje. Leta konn menm fin fè konpayi prive sa yo plante, rekòlte epi li achte nan men yo, swa pwodui an tou brit oswa pwodui an ki gentan transfòme, rafine. Leta plante, li ankouraje gran plantè, li ede transfòme, konsève, pwoteje, elatriye.

An Ayiti, Leta lage vant tout popilasyon li sou kont ti peyizan ki ap travay latè ak bout zong yo, sa ki yon gwo dezòd ki gen plis ke 200 lane, oubyen li lage kize pwodiksyon an sou kont lòt peyi pou vann yo manje, sa ki kraze e agrikilti peyi an e ki apovri leta a. Sa kreye tou yon grangou ki pa janm pa prezan nan lavi pèp sa a, menm si l vin pi rèd sou 30 dènye ane sa yo.

Nou retwouve n nan yon sitiyasyon kote kounye a peyizan Wanament ta vle trase yon nouvo chimen, malgre se toujou san apui serye leta a, menm si pitit la nan pasay toujou, men se yon gwo inisyativ. Atout se pa leta ki pral travay pou pwodui sou tout 27 750 kilomèt kare a, sa ki t ap pi bon nouvèl la, nou ankouraje jefò peyizan yo.

Si sa mache, menm si w pa janm ko travay latè, w ap santi benefis sa peyizan sa yo ap fè a nan asyèt nou li mèt nan yon lane ankò. Y ap fouye kannal, yo pral wouze plèn pou pwodui manje. E, nou bat bravo!

Men pozisyon Amériqueinfo 7: An n fè konbit, an n pote kote pou n netwaye kannal ki bouche yo, an n fouye nouvo kannal pou n pran desten trip nou an men.

Men, pa bliye, fòk nou plante anpil pyebwa tou pou n anpeche genyen katastwòf lè n konnen, trè souvan, gen sèlman 2 rat pise ansanm sou tèt mòn nou yo, epi n inonde. Pou n rive byen alimante rivyè ki devèse nan kannal sa yo, fòk peyi a byen rebwaze, fòk leta a dakò sibvansyone gaz pwopàn pou popilasyon an, ki deja nan gwo nesesite, pou l sispann koupe pyebwa pou fè chabon, ak bwa pou boule lè l bezwen fè manje. Mwens bwa koupe, se plis lapli n ap genyen, se mwens deboulonnay tè, se plis dlo k ap plen kannal nou yo ra gagann pou plèn yo vomi manje, pou n rejwenn chimen fyète nou nou pèdi depi plizyè dizèn ane.

Leta dwe pote kole, distribye semans, fè kowoperativ agrikòl pou n pèmèt peyizan yo jwenn angrè a nan bon pri. Konsa, n ap rapatriye trip nou kay vwazinay, ki kanpe an koutofamasi, ipokrit.
@ameriqueinfo7