Moyiz Janchal (Moïse Jean Charles) pa mande si se egare li ye fwa sa a!

Pati politik pitit Desalin di li lanse yon lòt levekanpe nan tout peyi a pou 18 novanm k ap vini la a nan lide pou kapote Premye minis Aryèl Anri. Pati a di 7 fevriye dwe dènye jou Pm nan nan tèt peyi an jan akò 21 desanm nan te mande sa. Pati ansyen senatè Moyiz Janchal ap dirije a tou di Pm nan kesyon kreye KEP p ap ka kenbe l sou pouvwa a ni HTC pa gen okenn manda pou chwazi manm KEP, e ke se yon gwo antant (konsansis) ki pou genyen pou peyi a pa bloke.

Plizyè moun nou te kontakte fè konnen yo pa kwè genyen ni senserite nan lansman sila a, ni mwayen mobilizasyon tout peyi a jan lidè lagòch la ekri sa sou paj li a.

Yo ale pi lwen pou di se yon ti soukekò ak kèk bann rara nan jou 18 la Vètyè ak petèt kèk kote Pòtoprens ki ka genyen ti bat men, epi disparèt kou lafimen an 19, paske chak fwa ansyen majistra Milo a lanse soulèvman jeneral pèp la pa janm fè ka de sa, malerezman, depi aprè asasina Jovnèl Moyiz.

Yon lòt gwoup moun fè konnen Moyiz Janchal genyen kapasite pou l fè Aryèl volegagè avan dat 7 fevriye a menm, si l te vle sa, si li te gen sa nan plan li ak si li pa t genyen kèk kontrent ki pa ka devwale.

Pou enfòmasyon w, enfliyansè Mòvann, ki ap viv Kanada, sou paj li, sa pa ko gen semèn, te tounen deklare (POU YON DEZYÈM FWA SAN LI PA AVANSE OKENN PRÈV) meri Milo a se nan men manman pitit lidè mouvman desalinyen an li ye depi avan lanmò ansyen prezidan Jovnèl Moyiz. Yon enfòmasyon kad pati a poko janm demanti. Èske Moyiz ka chita sou yon branch bwa epi pou li ta ap siye l anmenmtan? Èske se vre meri Milo nan men manman pitit lidè pati a vre? Poukisa yo pa demanti enfòmasyon sa a oubyen rele enfliyansè a lajistis?

Antouka, fwa sa a, n ap tann kisa soulèvman sila a ap pote. Sèl diferans, nou remake Moyiz Janchal pa deside retounen ni ak diskou ki te di li pè sanksyon li p ap bare Aryèl Okap la, ni ak fraz ki te fè pale anpil la:  » SE EGARE M YE? »@amériqueinfo7