Si PNH la te gen yon moun tenas nan tèt li tankou pastè Mako, Ayiti t ap libere anba gang yo deja

Depi apre kanaj Kanaan an, rezo sosyal yo cho kou dife. Anpil pawòl ap pale, tout moun ap bay opinyon yo. Genyen yon lèt k ap sikile ki fè kwè komisè gouvènman jiridikasyon ki kwafe Kanaan ta pare pou tande epi arete paskè Mako ki te fè mach la. Arete pastè Mako se t ap youn nan pil demagoji moun ki gen pouvwa isit toujou fè, lè yo pèdi lafas, aprè demisyon oubyen neglijans yo. N ap antann nou pou n admèt pastè a gen responsabilite pa li kòm moun ki gen moun ap suiv li, paske se li ki te konvoke moun yo pou mennen yo nan fwaye gang nan, pandan nou dwe di tou aksyon lidè relijye a chaje bravou ak ewoyis san n pa neglije aspè mistik kesyon an. Men si n ap pran sak pase a sou ang fonksyon pwoteksyon ak misyon moun ki reprezante leta a genyen vrè moun ki ta dwe arete, jije, epi kondane se :

1) Èlbe, Aryèl, Emli, enspektè Jeneral polis la, direktè depatmantal lwès la, komisè polis zòn kote dram nan pase a pou yo ta di kijan fè te gen gang anba a dat sa a yo pa t demantle yo. Fòk moun sa a ki ta vle arete pastè a ta tou vin
n eksplike ki wòl « CSPN » nan

2) Kijan fè yè maten depi 9vè « amériqueinfo7 » te anonse legliz lan pral soti, epi swadizan otorite sa yo pa t bare yo pou yo pa t ale kanaan oubyen poukisa Polisye ak militè pa t pran devan pou te akonpaye yo? Paske se lapolis ki ekspè nan koze zam. Nan yon leta nòmal, Lapolis dwe pwoteje menm moun ki fou. Otorite nou yo plis sanble ak kòd la. Se wont yo wont paske pastè Mako rive kote Lapolis ak Lame paka rive pou tabli lòd.

Arete sèlman pastè Mako se ta fè pwofitè epi fè wont sèvi kòlè. Pou dat y ap touye sivil ak polisye, konbyen moun otorite sa a ki vle arete Mako a rive arete deja? Dan pouri gen fòs sou bannann mi.

Nan sa k paske Kanaan an, dènye bilan yo pale de plis ke 25 mò, prèske menm kantite blese, san konte lòt moun ki pran bal ki poko janm ka soti kite espas la tout aprèmidi an.