SI DLO PA KA KOULE NAN KANNAL la SAN AP KOULE LADAN

Òganizasyon Peyizan plenn Maribawo, nan sa k gen pou wè a konstriksyon kannal sou Rivyè masak la, sèmante 7 fwa, 77 fwa, se sou fyèl yo « Abinader » ap pase pou l kanpe travay la ki prèske bout, paske manke sèlman 10 mèt pou yo jwente kannal la nan rivyè a. « Jean Brevil Weston », ki se kowòdonatè òganizasyon an, di yo detèmine pou travay la fèt. Li kontinye pou l di peyizan yo di yo prefere mouri olye pou travay la ta kanpe. Daprè responsab la, presyon, menas ak koze fèmen fwontyè pa fè yo ni cho ni frèt. Se sa k fè peyizan yo ap chante tout jounen, « si dlo pa ka koule nan kannal la, san ap koule ladan ». Nan sans sa a, pa gen kanpe ni bò kot peyizan yo, ni bò kote towogwonde yo bay pou « Abinader » la. Jodi a, prezidan dominiken an anonse apati demen tout fwontyè ant 2 peyi yo fèmen ni atè, ni sou lanmè, ni anlè. Yon sitiyasyon k met rèstavèk k ap dirije Ayiti yo nan ti soulye batèm yo, paske yo pa ka di peyizan yo kanpe, ni yo pa ka pale fò ak mouche « Abinader » ki toujou vle pase kòm dirijan tout zile a paske bò pa nou an gen pàn dirijan konsekan. N ap raple Rivyè masak la gen anviwon 60% Ayiti, 40 % kay vwazen, men vwazen gen 11 kannal sou li men yo pa vle Ayiti gen youn menm. Kannal sa a ki fè tout pale anpil sa a te tanmen konstwi an 2013, menm prezidan Jovnèl yo prezante kòm « Desalinis » te oblije kanpe l sou presyon dominiken. Sa k bèl gen nèg ki sonje kannal la egziste lè yo pa chèf ankò. Depi jou konfli a anvlimen an Pm Aryèl mawon, menm estènen li pa estènen nan koze k ap pale a, alòske li Pm, li prezidan an kachèt.