Sèkèy yo ranje youn dèyè lòt nan kan polisye ak pwofesè yo

Pandan vèdik Konsèy Sekirite Nasyonzini an sou dosye Ayiti a ap pwoche, 15 septanm 2023 sa a, atak gang ame ap ogmante kont popilasyon zòn metwopolitèn ​Pòtoprens lan. Apre Kafoufèy, Taba, se men sòl pa katye Solino. Yè jedi a, yon lòt fwa ankò, bandi ki soti nan gang « krache dife » bèlè te frape fò. Gen moun mouri, gen blese, gen kay boule, sa lakoz rezidan yo kouri kite zòn nan pou evite yo kite po yo. Yo touye polisye « Willio Idoccy », yon ajan 4, ki soti nan 17èm pwomosyon, ansanm ak yon pwofesè Matematik nan Inivèsite Leta d Ayiti, « Solon Fortunat ». Nèg ak zam yo alèz, yo konte sou patwon yo ki nan pouvwa a. Yon bann sangwen ki rele tèt yo dirijan koule beton nan zòrèy yo. Lè yo zipe bouch yo a se yon fòm sipò a malfektè yo, se dizon an k konsa menm. Otorite plastik yo abandone viktim yo nan malè yo pou kò yo. Moun ki rete nan Solino ak zòn ki antoure l pa konnen ki dans pou yo danse, apeprè 72 èdtan anvan lekòl la relouvri. Kan pou moun ki deplase yo pouse kou djondjon, anpil sant edikatif transfòme an kan deplasman pou moun k ap kouri kite katye yo nan Pòtoprens. Gouvènman an alèz, li pa di yon mo. Pou kounye a, rete sou pouvwa san fè anyen se pi bèl pwojè pou manm gouvènman an plas la, y a manje w si w di yo kite sa, paske se sèlman sanble lajan pou lè yo pa la ki anbarase lespri yo.

@ameriqueinfo7