Maryani yon 2zyèm koulwa lanmò kreye nan rantre sid peyi a

Jodi a fè 16 jou ofisyèlman depi pase Maryani pa yon bagay fasil malgre prezans Lapolis. Gen kèk Blennde ki fè alevini nan zòn Bò dlo, men sa pa bay twò gwo rezilta paske gang yo se timoun zòn lan yo ye, yo konn lè pou chita bò lari a ap fimen lè pou yo pran mòn.

Anpil moun ki fè wout sa reziyen yo pou yo peye bandi paske yo estime prezans blennde yo plis mete lavi yo andanje. Yo di mesye ki nan cha yo depi yo parèt se grennen bal pandan bandi yo pa menm la. Se inosan k ap peye po kase a. Pawòl la ap pale depi maten an nan blòk Maryani, Gresye, Kafou. Pa gen wout pa bwa, nèg ak zam yo fouye plizyè kamyon ki t ap mete tèt nan gransid, tout chofè k ap frekante wout la pandan gang yo mete pye yo atè, se peye pou w peye pou w jwen pasaj.

Ayè mekredi 15 novanm, prezidan APCH la, Méhu Changeux, anonse gang touye yon pasaje, fouye anpil machin, rasonnen yo epi yo kidnape 2 chofè. Teritwa pèdi yo ap ogmante anba bab dirijan yo ki poze kou ma kafe ak gwo siga y ap fè lè paske ekip yo ap mennen.@AmeriqueInfo7