Avadra politik ak aktè ekonomik kòwonpi voye dlo pèsekisyon dèyè jenès la

Lè gen majorite moun nan yon popilasyon ki jèn, yo rele sa « bonis demografik ». Bonis demografik la se yon atou majè pou devlopman nan yon peyi. Peyi d Ayiti ki gen chans sa a, li pa ekplwate l.

Depi 2013, se kouri y ap kouri dèyè jèn inivesitè nou yo. Lè se pa pouse yo al Repiblik dominikèn, se Brezil, Chili, Meksik. Kounye a, direksyon sèvo yo pran se Nikaragwa kòm tè tranzit. Soti mwa dawout pou rive jodi a gen 31.000 Ayisyen ki ateri Nikaragwa pou abouti Meksik nan objektif pou ateri kay Tonton Sam. Pri vwayaj yo varye ant 3000 ak 5000 dola vèt, menm si nou ta pran sèlman mwayèn nan ki ta 4000 dola, se plis pase 124.000.000 dola ameriken ki kite peyi a nan 268 vòl ki soti Ayiti al Managwa, ki se kapital Nikaragwa.

Jenès la fin ale, sèvo yo fin ale, richès moun ak ekonomik kontinye vin pi ra pa bò isit akòz politisyen san manman, san konsyans, polisyen ki bwè grenn dekilakyèl, politisyen zèfèyis ki mare sosis yo ak gang pou rann tè sa a envivab pou pwòp pitit trip li, nan lide pou yo ka retounen sou pouvwa gras ak gang. Tout gangle y ap gangle peyi a, se pou kesyon elektoral, pou yo pa reponn kesyon lajistis pou gagòt petwokaribe ak lajan taks peyi a ki fè wout kwochi. Konsa, pou yo ka tounen vin souse manmèl Ayiti, ki gen lèt dous pou yo ak lèt anmè kou fyèl pou majorite a ki ap kwoupi nan kras. Se toujou menm moun yo, paske fal karanklou saf pa janm plen. Kou eleksyon pwal pwente la a, y ap rasanble, ini, fè konbit pou tete grann. Men, janmen panse pou pwogrè fleri!

Akoz vòlè sa yo, Ayiti vin premye ekspòtatè sèvo nan Amerik la. Lè yon moun oubyen manm yon konfreri ap pale se yo ki konprann langaj yo ankò. Lè zòt te di:  » Ayiti yo pa vle wè a se li yo va wè à, se yo ak yo sèl ki te konn kisa koze sa a te vle di ». Kont pa tire menm jan nan tout lakou.

Yo kwape fòs ak nanm peyi a, ki se jèn fanm ak jèn gason ki te ka anrichi li.

Se yon katastwòf byen planifye, e moun yo ap kouri y ap gade dèyè, paske anpil renmen peyi yo, men lavi Ayiti pa renmen yo.

Se politisyen ak aktè ekonomik ki fè yon sèl ak gang tout koulè, tout kalte, ki defripe, ki deboundare peyi a. Malandren yo di :  » ki te mele bounda nou, nou chaje lajan ak kay nan dada nou, nou san konte kay nan lòt peyi, epi nou ak fanmi nou fè bouda nan lajan peyi a. Zafè tenten peyi sa a krabinen plat. » San yo pa konnen jan majorite a pote peyi a jouk nan fon kè yo, menm si yo lwen nan peyi etranje nan lesklavaj degize, nan doulè zo ak doulè tay…

@AmeriqueInfo7