Èske chèf gang Kraze Baryè a, Vitèlòm, sou pouvwa l vre? Kisa ki pwoblèm nan maten an?

Li pa yon sekrè pou okenn moun, leta ki la a mare sosis li ak bandi. Dènye sanksyon peyi etranje yo kont yon bann ofisyèl pwouve sa. Daprè anpil temwayaj òganizasyon dwa moun, rezon ki fè Vitèlòm ap krabinen komin Taba ak Petyonvil se sitirans Lapolis. Sa a klè deja pou anpil òganizasyon pami yo RNDDH. Dezyèm rezon an, e se sa ki eksplike atak jodi 18 oktòb la, selon enfòmasyon nou bouske e nou rive jwenn, se paske chèf gang Kraze Baryè a ta pèdi yon sòlda li ki te rele « Ti Jid » ki te konn vann gaz nan youn nan lokalite yo. Akòz bandi sa a ki te pran pòz ap vann gaz, ki tonbe, gang nan vini fè reprezay epi yo di yo pèdi yon zam e y ap chèche zam nan jan Izo te fè sa Sodo. Selon enfòmasyon yo, Ti Jid sa a se te papa yon ansyen manm gang nan ki rele « Benndaryo ».

Benndaryo sa a, ki mawon gang nan paske li pè, nan gwo toumant ak ekip gang nan. Gang nan di misye trayi, e nou aprann « Bendaryo » sa a gentan jete l paske l konnen se trayi la mouri la. Se gang Vitèlòm sa a ki kraze Tòsèl, Chatoblon, Pènye, Marekay, Kagwo, Tinèl, Metivye, Divye, Nan kalbas, Lespinas, Doko, Madyowo, nan Kolen, kote tout biznis kraze, kote se zèb ki leve nan tout lari, nan kèk nan kote sa yo.

Selon « Pierre Espérance », responsab yon òganizasyon dwa moun, se youn nan gang ki pi byen souche, ki gen gwo kontak. Gang sa a se nan machin gwo figi sèlman li mache, plak ofisyèl ak vit nwè tankou lank. Menm sirèn yo konn pase, sitou nan zòn Pènye ak wout frè.

Yon lè, te genyen yon operasyon nan Tòsèl kont nimewo 1 chèf gang sa a, li te deklare si yo pa kanpe operasyon an, l ap lage yon odyo ki gen vwa gwo chèf ladan l e l ap gaye wonn nan nèt, sa w tande a, operasyon an te fonn kou bè ki nan solèy. Tout polisye te jwenn lòd pou kouri rantre nan baz yo, san bri san kont.

Ak prezans gang sa a, ki pa jwe, menm lekòl Majistrati a ki te rezide nan lokal Akademi Polis la kanpe. Legliz katolik Sent Klè, ki anfas Akademi an, pèdi 90 pou san manm li. Lavi nan zòn sa yo se lavi fòse. Se bwa kale a ki te bay yon ti souf, mete ak rezistans kèk gwoup brigadye ak kèk bon grenn polisye ki ede anpil ki lakòz sa pa pi grav, toujou selon sa n aprann.

Selon abitan nou pale nan zòn nan Tinèl, Tòsèl, nan Mango, yo di otorite yo ta sanble nan konkonbrèt ak mesye dam ak zam yo. Nou di mesye dam, paske chaje fanm nan gang Vitèlòm nan tou, ki travay nan fason pa yo.

Tout moun yo ap plede di, san rete, yo poko janm wè yon ekip gang gen pouvwa konsa nan bouda yo tankou gang Kraze Baryè sa a. Chat konnen, rat konnen, barik mayi a ap p ap manke yon grenn, mal sele k ap foule paske verite a klè, mouche Vitelòm bay iltomatòm ak otorite yo lè l vle, li pa janm kache relasyon l ak ekip ki la. vyolans gang se angrè nan jaden dirijan defakto ki vle fè plis tan sou pouvwa, sou pretèks ensekirite anpeche yo fè eleksyon.

@ameriqueinfo7