Lyann panye se yon plant anpil Ayisyen konnen e konsome. Non syantifik li se (Trichostigma octandrum, L.) Li renmen pouse kote ki gen bon fimye natirèl, sitou nan tè ki gen wòch. Yo manje bwa li ki poko rèd, men boujon an menm se pa pale. Yo manje l nan soup pen, nan bouyon, nan espageti, yo mele l ak zepina pou fè legim, yo mete l bouyi nan sòs pwa, nan sòs, pou yo bay manje a plis nanm ak jèvrin.
Lyann panye oubyen lyann panyen (Liane panier), chaje alkaloyid ak saponin, ki se 2 sibstans kò nou bezwen pou l ka djanm. Sibstans sa yo ede nou rete bèl, fre.
Nan endistri famasetik, yo itilize lyann panye pou fè medikaman pou moun ki anemi, pou ki gen feblès kiyè. Men, lè w manje fèy la konsa, li pi fò ke medikaman an, epi li pi natirèl tou. Li bay gason anpil andirans akòz yon dividal vitamin ki ladann, se pou sa, nan kèk pwovens tankou Peredo, yo jere l legim gason. Yo te di li ka aji sou moun ki gen tansyon wo, men apre sa etid yo di li pa ogmante tansyon. Li regilarize l pito. Mwen wè yo rele l « Hierba del arloma » nan peyi tankou Elsavadò ak Meksik, epi nan lang anglè yo rele l « basket withe » oubyen « false chaff flower ». Wa gou pa w!
Li chaje ak polisakarid, sa ki fè li rann po moun lis, epi li aji sou sante cheve w lè w manje l. Li rann yo pòtan.
An pwovens, chak lakou genyen 2 ou 3 gwo pye lyann panye, e yo ka viv plis 50 lane, si l pa jwenn yon mechan koupe l, oubyen yon lòt plant touye l. Si w melanje lyann panye ak zoliv (moringa) epi w mete kawòt, pwa tann ou fè yon pla, manje sa a ta al nan laboratwa, l ap etone w tèlman w ap wè jan li rich. Si w ap manje lyann panye, menm si w ta pase 2 zan san manje pwa, ou pa ka anemi e se atò w ap klere.
Pa janm koupe lyann panye w jete, fè l fè rak nan lakou w pito. Se yon richès ki vo plis ke pwa, e yon pye lyann panye ka viv plis tan pase w.
Antoine NERILUS, tradipratisyen.