Daprè direktè PNH la, enstitisyon an pa t pare pou l fas kare ak sitiyasyon ki la a

Mete Franns Èlbe (Frantz Elbé) nan tèt Polis la pou l konbat gang se bay chat veye mantèg, daprè Pyè Esperans (Pierre Espérance). Responsab òganizasyon k ap fè pwomosyon dwa moun lan lonje dwèt jouda l disèt longè sou nimewo en (1) Lapolis la li akize kòm kòkòt ak figawo ak Vitèlòm Inosan ( Vitelhomme Innocent) ki se chèf gang Krazebaryè a. Chèf Polis la pa t pran tan pou l reponn nimewo en (1) RNDDH la. Li rekonèt Pyè Esperans (Pierre Espérance) pwisan men l mande l pou l itilize pwisans sa a pou l itil peyi a pito. Mouche Èlbe demanti Pyè Esperans kou chen. Li di li fè tout karyè l lap konbat gang kòm Polisye, li di pa gen okenn relasyon ak Vitèlòm. Sou akizasyon Vitèlòm ap woule machin Lapolis, dirijan enstitisyon Polis la voye pawòl sa a jete nan poubèl. Responsab konpayi « Sekirite Plis » la rapousuiv pou l di enstitisyon l ap dirije a pa t pare pou l fè faskare ak sitiyasyon ki la a. Sanble Franss Èlbe fenk aprann sa, paske li bouke fè pèp la konte ze nan vant poul kòmkwadire li ta pral konbat gang divès kote nan peyi a. N ap raple se pa premye fwa dg Polis la ap fè fas ak akizasyon tètchaje sa yo, responsab FJKL la, Samyèl Madisten ( Samuel Madistin) te fè konnen Franss Èlbe batize pitit yon chèf gang depi kèk lane anvan l te vin chèf Polis la.

Epitou, n ap sonje Vitèlòm te di nan yon odyo li bay chèf Polis la defi bat kò l, li ba l defi pa kanpe operasyon li yo kont li, depi dg a pa obeyi li li ap lage odyo kote yo konn ap pale. Voup! Menm kote a, tout operasyon te kanpe sèk, e yo te rele polisye yo pou di yo antre lakay yo, kite houngan chèf gang lan anrepo l ! @AmeriqueInfo7