Mouvman gang ak teworis an Ekwatè:

Soti 9 janvye pou rive 13 janvye 2024, Lame ak Lapolis peyi Ekwatè kraze 28 gwoup gang ak teworis, genyen 413 zam ki sezi, 8789 minisyon, 1105 moun anba kòd, selon dènye rapò otorite Lame ak Lapolis peyi ki gen pi gwo ekòl militè an Amerikdisid la prezante. Avan eksplwa sa a, pou n pi klè, yon jou avan lavaj sa a, prezidan Ekwatè a Danyèl Obowa (Daniel Oboa) te pibliye yon dekrè kote li te deklare 22 gwoup gang kòm òganizasyon teworis.

Jan lòt la di l la: « lè fòs lòd yo paka konbat kriminalite, se bandi yo ki kache anndan fòs lòd yo ». Depi otorite yon peyi pa nan gwoup gang k ap nui peyi an ni de pre ni de lwen, l ap pran gwo mezi pou demantle yo, e depi w wè otorite yo ap bere gang yo konnen yo lye ak gang yo pou gwo rezon politik oubyen ekonomik. Prezidan Obowa moutre li se chèf toutbon. Li moutre l ap dirije e li gen otorite. Pi jèn prezidan istwa Ekwatè a te di yon nonm ka toujou vle bay pwoblèm, men l ap achte l nan men w. Semèn pase a, yon gwoup gang antre anndan yon Televizyon ki te an dirèk y al brake sou moun yo, mwens ke 2zèdtan apre, tout te anba kòb, tèt atè, sou jenou yo. An Ayiti, gang yo alèz. Ou ta di yo peye patant pou yo fonksyone. Tout wout, yo kanpe ap fè sikilasyon e moun ki di yo chèf yo ap ede pèp la plenyen olye yo aji. Sa k pi di a, chèf yo rele zòn sa yo teritwa pèdi, poutan se yo menm ki vann yo lajan kontan bay gang, san okenn jèn ak je yo byen chèch anplis.@Ameriqueinfo7