Òganizasyon dwa moun oubyen pati politik ?

Chak òganizasyon sosyete sivil ak òganizasyon dwa moun an Ayiti gen moun pa yo ak kan politik pa yo y ap defann.

Anpil moun ki di y ap milite pou fè pwomosyon dwa moun oubyen anndan regwoupman sosyete sivil an Ayiti ap milite pou defann lòt enterè, sof dwa ak enterè moun ki pa moun pa yo.

Yon òganizasyon dwa moun k ap batay pou dwa tout moun respekte, k ap defann dwa moun nan tout kouch, pa dwe gen kan politik, paske mounpayis ap fè travay la fèt nan sans kan politik ki pwòch òganizasyon an, konsa, li p ap bon. Dwa lelit, dwa sa k pi fèb nan sosyete a dwe defann san patipri, san fòskote. Poutan, an Ayiti, ou santi chak òganizasyon genyen yon kat pati politik nan pòch li, jij pa li, elatriye.

Si se moun pa yo lajistis pa deside jije, yo byen kontan, men si se moun pa yo ki poze yon aksyon kontrè ak Lalwa, yo rale tout pretèks oubyen envante pawòl pou yo defann moun pa yo a, menm si moun nan ap kraze peyi a, kraze jistis la, alimante ensekirite, touye moun, vann zam, vann minisyon, vann dwòg, elatriye.

Jij Al Dinyèl Dimanch annik rele yon seri moun, yo di ki detounen byen ak materyèl CNE, sa leve plim sou do anpil moun paske lis la mozayik, li gen moun tout moun. chèf òganizasyon dwa moun RNDDH, Pyè Esperans, fè pati moun ki move kou kong pou fason jij la ap trete dosye sa a, se poutèt sa, menm kote a, pou li banalize enstriksyon jij la, li di w se yon moun fou. Li di w se yon moun ki pa byen nan tèt, jis paske li genyen yon relasyon zanmitay sere ak kèk nan moun jistis la vize nan dosye sa.

An n klè, èske si se te ansyen prezidan Mateli, premye minis Lamòt ak kèk lòt tètkale ki te vize nan kad dosye sa a Pyè Esperans t ap pale de foli lakay jij Dimanch?

Chaje moun ki ap fè pwomosyon dwa moun epi se politik y ap fè, alòske se de domèn ki pa mache ansanm. Se youn oubyen lòt. Depi òganizasyon dwa moun ap fè politik, rapò li yo p ap ekilibre, epi ap gen moun pa, ap gen klan, ap gen mechanste. Estrikti ki rele tèt li « Ansanm Kont Koripsyon » di l vekse devan konpòtman Jij Dimanch, poutèt yo gen moun pa yo nan lis la, sa pa pote yo byen
Dayè, nou sonje byen jan anpil manm estrikti sa a t ap banbile nan tranzisyon Privè a. Lè sa a, yo te manm « CIEVE ». Yo te jwenn lajan BMPAD, yo te jwenn kontra siman e yo te nan palè kòm konsiltan. Enben, kisa bagay la ye? Se non ansyen prezidan Privè ki sou lis majistra a wi ki leve plim sou do mesye dam òganizasyon ki di y ap defann dwa moun yo. Depi se moun pa yo, peyi a mèt krabinen, piga lajistis menm gade yo. Yo rele sa òganizasyon k ap defann dwa moun wi souple!

Manda jij Dinyèl ap bout 29 janvye 2024. Pyè Esperans gentan ap rejwi paske Jij la p ap ka kontinye travay. Si manda jij sa a renouvle gen moun k ap pran kabann, paske yo di yo pa konn wè jij enstrikson cho konsa. Nimewo 1 RNDDH la menm swete CSPJ pa sètifye Jij sa a li di ki se yon malonèt k ap sèvi ak dosye sa a jis pou l fè kòb. N ap fè remake, pou n fini, anpil òganizasyon ki fache paske ansyen prezidan Privè nan vizè Jij sa te konn fè rapò movegou kont li kòm moun yo te di ki fè masak Lasiri, epòk sa a li te minis enteryè sou Aristid. @ameriqueinfo7