Jij Vòltè ap fè machandaj ak dosye Jovnèl Moyiz la pou l ka renouvle manda l

Òdonans nan dosye asasinay ansyen prezidan Jovnèl Moyiz la pare, men Jij la pa deside rann òdonans lan san manda l pa renouvle avan, se sa Radyo Metwonòm revele jodi a. Medya a fè konnen manda jij k ap enstwi dosye Jovnèl Moyiz la rive nan bout li jodi vandredi 26 janvye 2024 la.

Pakè pòtoprens gentan bay rekizitwa definif li nan kad dosye sa a nan yon dokiman 77 paj. Jounal la te tante bay yon boukannen tann bouyi, yon ti goute nan òdonans la, kote l fè konnen gen yon manm fanmi ansyen prezidan an ki enkilpe nan kad dosye sa a, plis yon minis aktyèl ak 2 ansyen minis ki te sou pouvwa a lè prezidan an te mouri asasinen nan chanm lakay li. Yon lòt sous fè nou kwè Premye minis Aryèl lave nan kad dosye sa a. N ap raple, se nan biwo Aryèl jij la t al tande l.

Li enpòtan tou pou n raple, Matin Moyiz (Martine Moïse) ak ansyen minis Wòkfelè Vensan (Rockfeller Vincent) pa t janm deside reponn kesyon jij Vòltè. Si Matin te reponn pou jij Orelien li menm, Wòkfelè Vensan toujou mande Jij yo pou yo tande l pa vizyokonrerans. Ansyen Premye dam nan te toujou mande majistra Vòltè depòte l de dosye a paske l gen sispisyon lejitim majistra a p ap rann yon òdonans san fòskote. @ameriqueinfo7