Militan yo mete dife nan kay Asalòs, Okap !

Yon foul moun ki te gen manm plizyè tandans politik boule rapyetè kay « Jean Luc Verna », ki gen ti non jwèt “ASALÒS”, jodi madi 21 novanm 2023 a, nan site « Blue Hills », Okap. ASALÒS ki deja ap soufri anba yon maladi gentan sove kifè yo pa t rive mete dife sou li. Youn nan asayan yo te di :  » nou t ap boule w fè chabon », selon sa yon pwòch Asalòs di nou. Asalòs ki pale nan mikwo laprès akize yon sèten Belizè, li akize PHTK tou.

Yon pwòch madanm li ki pale ak nou akize manm pati ansyen senatè Youri a: AAA. Asalòs te de ran dlo nan je, pandan l t ap di:  » yo boule kay an m, yo pa ta fè m sa ». Li fè konnen pitit li pa menm gentan antre nan kay la lè yo te sot lekòl jodi an. Asalòs te konn ankouraje pati ansyen senatè Moyiz Janchal ap dirije a pandan yon ti tan, apre sa, li te al kore pati ansyen senatè Youri Latòti a, yon chanjman kazak ki pa t fè militan pati ansyen majistra Milo a byen ditou.

E, yo te joure li anpil sou rezo sosyal yo e menm menase li. Sa pa ko gen 10 mwa, nan yon videyo li te pibliye, Asalòs te di se manm Pati Pitit Desalin yo ki te voye maladi fetich sou li pou touye l paske l te kite Moyiz pou l te al kore Youri. Menm Aslòs sa a, nan dat 18 novanm nan te Obòy, toujou nan nò peyi d Ayiti, nan yon miting ak ansyen senatè Moyiz Janchal. Èske se ta jalouzi paske l te kanpe kote Moyiz jou 18 la?

Sa ki klè nan istwa sa a, pèsonn pa konnen kiyès ki fè zak kriminèl sa a, epi akizasyon an vin gen twòp mèt. Lè yon moun danse anba anpil tonèl, lè chapo l pèdi li p ap ka sonje ki kote egzak li pèdi l.

Asalòs pa sove anyen nan kay la, sof yon kab ak telefòn li ki te nan pòch li, selon sa l di ! @amériqueinfo7