« Jij, si pou w tande m se sou apèl videyo l ap oblije ye wi, paske m pa santi m an sekirite », pawòl Wòkfelè Vensan (Rockfeller Vincent) an 2021.

Jij k ap travay sou dosye asasina Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) la dwe tande DG BMPAD la, Inyas Senflè (Ignace Saint-Fleur), sekretè jeneral Palè nasyonal la, mèt Jozye Pyèlwi (Me Josué Pierre-Louis) plis ansyen minis Jistis Wòkfelè Vensan (Rockfeller Vincent), Leyon Chal (Léon Charles). Nou pa konnen kijan sa va ye, men selon enfòmasyon nou genyen Maki Kesa ki se premye moun ki al devan jij Vòltè ki tou rete gendwa pa dènye ki p ap tounen lakay li, k ap rete nan gwo kay la, toujou selon enfòmasyon nou genyen nan bon ti mamit.

Jij Gari Orelyen (Garry Orélien) te rele Wòkfelè Vensan nan dat lendi 13 desanm 2021 deja sou dosye asasina prezidan an, mouche Vensan, nan epòk la, te reponn jij la pou di l si pou l reponn kesyon li yo se sou apèl videyo sèlman l ap dakò fè sa, paske l p ap santi l an sekirite pou desann kote l jis anba sa a, alòske l te fenk fin minis Jistis, kidonk kontak li te tou fre, e li te fenk kite « CSPN » lan. Èske jodi a, alòske l gen plis tan depi l pa chèf, mouche Vensan ap desann al pase nan menm pòt ak ansyen majistra Jakmèl la pou al reponn kesyon jij Vòltè ? Èske se pral yon odisyon sou apèl videyo jan l te mande sa?

Si bagay yo te fasil konsa pito Maki Kesa (Marky Kessa) te byen chaje telefòn li epi reponn jis Vòltè sou apèl videyo tou, atò konsa li ta nan kouche sou do lakay li! @amériqueinfo7