« Lionel Messi » (Mesi): yon modèl tou kri nan koze lidèchip foutbolistik

« Lionel Messi » majorite moun rele « Mesi », ki fèt nan peyi Ajantin, nan vil Wozaryo, yon 24 jen 1987, ki fenk gen 35 lane, se youn pami 10 pi gwo jwè foutbòl mond lan janm konnen nan egzistans jwèt la, e k ap jwe aktyèlman nan ekip foutbòl « Inter Miami », nan peyi Etazini, kòm atakan, ki pwouve li se yon lidè konfime san parèy nan jwèt balon won an, sitou nan dènye jès ak aksyon li poze ant mwa jiyè ak dawou sa a nan gwo chanpyona federasyon meksikèn nan ak MLS te òganize.

« Mesi » se yon atakan entènasyonal, chanpyondimonn ak ekip Ajantin nan fas a ekip Lafrans lan an 2022, ansyen jwè klèb Baselòn, ansyen jwè « PSG », ki ap woule balon kounye a nan « Inter Miami » depi mwa jiyè ki sot pase a, kote li te jwe premye match li fas a ekip « Cruz Azul » la, yon match ki te gen 12, 5 milyon moun ki t ap gade l sèlman nan peyi Etazini, sa ki te yon rekò nan peyi Baydenn ap dirije a, selon laprès ajantin.

Mèt ekip « Inter Miami an », ki se David Bèkam te deklare se gras ak Mesi match sa a te gen 3,5 milya vizyonman, sa vle di kantite total moun ki gade match la sou ekran yo sou latè. Yo bay Mesi yon ti non jwèt: « La Pulga » (lapoulga). Ti non sa a, se yon jounalis espòtif ki t ap rele Mesi apre yon match
« Barcelone-Racing Santander », nan chanpyona Espay, an 2005, nan stad, « Camp Nou », kote Messi te make yon gòl apre yon manman chout, epi jounalis la te tou rele l konsa. Depi lè a, ti non an tou rete kole sou jwè Maradona te renmen anpil la. Goche a, ki kite PSG, an Frans, ki al jwe nan « Inter Miami » nan peyi Etazini, pote non sa a akoz li se yon jwè ti tay, yon ti kal gason, selon jounalis ki te viv match sa a.

 » la Pulga », nan lang panyòl vle di  » Pis la ». Yon ti ensèk tou piti, men ki pike fò. Kote l tache dan l lan, l ap fè w rele kanmenm. Se ide a sa. Lè jounalis la te rele l konsa a, se tankou w ta di, lakay nou Ayiti, se yon ti gèp panyòl.
An Ayiti, nou te ka di tou: « Li piti, men l grate ». Yon ti chouk gason ki kont kò li.

Mesi: Modèl lidèchip
Ke w pran gwo teworisyen nan syans lidèship tankou: « Fayol, Warren Bennis, Kurt Lewin », yo tout nèt, nan devlopman teyori yo, yo antann yo sou pou pi piti 5 gwo karakteristik yon bon lidè ki se kalite ki vizib lakay Leo Mesi san pèsonn pa bezwen linèt pou wè sa:

1) Fè lòt moun nan ekip ou konfyans
2) Fikse objektif yo yon fason ki klè, san konfizyon
3) Mete moun ki ak ou yo an valè
4) Pèmèt echanj ak transmisyon konesans bay manm ekip la pou ranfòse yo pou bon jan pèfòmans ak larelèv
5) Rekonpanse, epi felisite bon inisyativ yo

Nou p ap gentan devlope tout 5 pwen yo, pou n pa twò long, n ap pran kèk nan yo sèlman.

-Mesi moutre jwè li yo li fè yo konfyans, plizyè fwa li dwe choute penal, li santi l deja gen twòl gòl, li bay Matinez choute pito, paske li kwè misye ap mete balon an nan filè a, li di misye: « m kwè nan ou ».
-Depi jou Mesi rive nan ekip la li di tout mesye yo se chanpyon yo vin chanpyon
-Misye mete moun an valè. Yedlin te kapitèn ekip la anvan Mesi, Mesi vin kapitèn an apre, yo rele Mesi vin leve koup la, li di Yedlin: « vini pou nou leve koup la ansanm, m pa gen dwa leve l pou kont mwen ».

7 fwa balondò a pa yon jwè ki gen gwo estil atis, nan mete gwo mak rad, pil bijou, paske misye toujou senp. Men, kèlkeswa kote chanpyon Kopamerika 2021 an rive, li chame moun k ap gade jwèt la. Nimewo 10 ekip Ajantin nan, ki rale depi se gwo atis Etazini ki nan divès lòt domèn tankou mizik, rap, « hiphop », baskètbòl, pou vin gade chanpyona foutbòl sa a, riske leve nivo apresiyasyon moun pou foutbòl la nan lakou Etazini, epi mete l nan wo nivo lanmou ki te rezève sèlman pou jwèt baskètbòl ak bòks la nan kè ameriken yo.

Ekip « Inter Miami » an ranpòte twazyèm edisyon chanpyona MLS la ak yon Mesi ki make, li menm pou kont li, 10 gòl antou nan konpetisyon an.
@ameriqueinfo7