« FRANNS ÈLBE » (FRANTZ ELBÉ) PA BOUKE GRIYEN DAN SOU TRAY PÈP LA

Aprè pèp la te kouri anba bal vagabon ak zam nan 3zyèm sikonskripsyon Pòtoprens mwa jen 2021, depi dat 10 me 2022, direktè Polis la, ÈLBE, te frape kòlèt li, kòmkidire l l ta pral debloke zòn Matisan, sa k pa janm menm manke fèt jous jounen jodi. Se menm DG PNH la jounen jodi a ki fè figi l byen di ki soti nòt ki di operasyon pral mennen nan tout fwaye gang yo nan peyi a, pandan premye pa a si se pa t foulay, te sipoze kontwole 21 pwen fwontalyè yo kote zam ak bal vann kou pate cho, san konte dwàn, pò ak aewopò yo k ta dwe sou kontwòl Lapolis, pou gwo bwat ak dwoum zam sispann pouri peyi a. ÈLBE kanpe sou manti ak popilasyon an, e lè li menm ak doktè Aryèl Anri chita anndan SCPN nan se pa anyen k gen rapò ak sekirite ou santi k ap pale, paske rezilta a t ap klè douvan je pèp la. Se tan k ap pase pandan teritwa a mine ak gang tout kalte, anba je yon Polis sitirè, san lònè. Kilès ki gen maladi Alzaymè k pa sonje Lapolis ki te pase plis ke 22 jou ap tire anlè nan Matisan, pran pòz kraze kay, sou pretèks yo ta pral pran Izo? Kilès ki bliye jan polisye t ap vole nan basen dlo sal anba kout bal gang lè l vole kite zam li k te tonbe pou ranfòse asnal bandi? Ki repons serye Èlbe te bay apre? FOULAY!
@ameriqueinfo7