19 oktòb, manman pitit mare vant

Seyans k ap fèt 19 oktòb nan nasyonzini pou sanksyone Ayisyen ki nan gang, k ap sipòte gang, k ap finanse gang, k ap fè vyolans tout kalte, reyinyon sa a lage gwo tèt chaje lakay anpil politisyen ak moun nan sektè prive a.

Nan yon ti lapawoli jounal la te gen ak yon ansyen minis Enteryè, li di nou se gwo demach anpil gwo babin tanmen depi kèk jou bò kote anpil lòbiyis ameriken pou yo ta rive sove lafas nan dosye cho sa a. Konsèy Sekirite Nasyonzini an ap gen pou l reyini sou lis manmanpenmba sa a ki chaje pèsonalite ayisyen y ap gen pou sanksyone nan semèn sa a menm. Ansyen minis la di nou, daprè enfo li genyen, se yon lis tchaka, sa vle di, ki gen moun politik, ansyen ofisyèl ak aktyèl ofisyèl chèf gang, moun nan sektè prive, jounalis ak moun ki nan dyaspora k ap achte zam pou bandi.

Dosye sa a koupe somèy anpil moun paske sanksyon Nasyonzini gen plis anplè ke sanksyon Etazini ak kanada yo. Non sèlman byen moun sa yo ap jele nan tout peyi ki manm Nasyonzini, men tou, yo p ap ka pile okenn tè peyi ki manm Nasyonzini. Balon an pral nan pye lajistis ayisyèn ki kontinye ap dewoule tapi wouj pou gang ak vès, ba yo ochan, ba yo bibwon.

Ansyen minis lan fini pou l di: « non moun ou pa ta panse menm pou blag sou lis la! ». Nou swete montay la pa akouche yon ti sourit, paske anpil moun gen kat pelouz y ap tann. Machann papye ak machann fèy te vèvenn pare pou yo fè ti kòb yo. Pou moman sa se Babekyou selman kap taye banda nan lis sa, lòt asosye yo ap rejwen li 19 oktòb kap vini la.

@AmeriqueInfo7