Tout tan chwal pa t gen maleng, mouch te toujou viv

Semèn ki sot pase a , « Abinader » te anonse li konte bat ba pou l ouvri fwontyè sèlman pou l ka vann ayiti pwodwi, men l p ap kite Ayisyen rantre lakay li, menm si Ayisyen an achte viza pou sa. Chòz di chòz fèt, byen bonè lendi maten 9 oktòb sa, Dominiken te louvri baryè yo 17 lagè. Sou menm pa a, Ayisyen fèmen baryè pa yo a. Sanble se sèl « Abinader » ki pa okouran militè dominiken yo depi yo wè lajan zizye yo bat, yo gen tanta, e se sa menm ki fè yo kite yon bann pwodwi dominiken pase sou fwontyè a chak jou, an kachèt pandan fwontyè te fèmen, menm jan yo konn fè sa pou zam ak minisyon ka antre sou teritwa ayisyen an. Gen nan pwodwi sa yo, ki pase anbachal, ajan BSAP yo te sezi epi boule yo, gen lòt ki rive vann sou mache ayisyen an malgre yo gate, akòz anpil ayisyen souf kout ki rantre nan kòmès anba tab ak yonn bann dominiken sankoutcha pou alimante mache a ak yon bann pwodwi ki reprezante gwo danje pou sante moun, nan yon peyi ki swadizan gen ministè Komès, initil.

Nan vire won nou te fè nan kèk mache nan komin Leyogàn, Senmak, Kafou ak Gresye, Nou konstate anpil pwodwi dominiken tou santi k ap vann sou mache a. Nan sans sa a, n ap mande Polifwont, ministè Sante piblik ak lòt ògàn nan leta a, pou yo jwe wòl yo kòmsadwa pou evite mete apse sou klou nan kite yon pipilasyon ki deja gen tout pwoblèm konsome vye pwodwi ki pa t menm respekte nòm kalite epi ki vin gate, k ap vann sou mache Ayiti a. Se pou prezidan « Abinader » te al kanpe sou fwontyè pou l te veye militè magouyè li yo pou l wè si grangou t ap touye Ayisyen jis paske fwontyè fèmen. Se rat kay kap manje pay kay, mete militè dominiken veye fwontyè a, se bay chat veye mantèg. Tout ou tande fwontyè te fèmen an, se te pou lafòm. Pwodui ap pase nan kontrebann e kote l swadizan fèmen yo e nan lòt pwen fwontalyè ki tankou paswa. Genyen pwodui ki pase sou lak Azyeyi ki antre, menm jan espas sa yo pa janm pa genyen trafik zam ak bal k ap fèt ki enplike e vagabon dominiken sou fwontyè a (militè) e vagabon ayisyen ki sou fwontyè a (polisye).

Lè w wè polisye ayisyen an vle manje w lè w ap bloke fwontyè a, se li ki konnen jan w bloke biznis li. Se yon espas koripsyon, briganday ak lòt trafik sal. Anpil moun ap mande kilè n ap gen kontwòl fwontyè sa a ki kontribiye nan destabilize tout teritwa a, kraze pwodiksyon nasyonal la epi simaye lanmò nan tout fanmi nan peyi an, ke l nan mitan vil, ke l nan seksyon kominal. Se pa di n ap di pou fwontyè pa janm louvri ditou, men si l fèmen li ta dwe fèmen tout bon san mouvman anbativant e si l ap relouvri Leta ta sipoze verifye tout sa k ap antre, nan tout pòt yo pou pwoteje teritwa a de tout danje sa ka pote pou peyi d Ayiti.

Lapolis sou fwontyè toujou antre nan konfyolo ak militè kowonpi dominiken, kote tou 2 gwoup yo ap fè lajan san panse ak konsekans yo.

N a sonje sa jounal « LE DEVOIR » te ekri apre asasina prezidan Jovnèl Moyiz:  » Nan planifikasyon ki te fèt pou manje prezidan an te gen yon gwo reyinyon ki te fèt nan yon gwo otèl nan Repiblik Dominikèn ». E, non Ajans Frans Près kòm jounal ki te relate sa tou te site tou nan atik 15 jiyè 2021 yo te ekri. Lapolis peyi d Ayiti te di menm bagay la tou.

Si pou n moun tout bon, je fon dwe fout toujou kriye davans, e NOU DWE SISPANN VANN SANTIMAN NOU BAY KOCHON NAN PO BANNANN!