Senatè Moyiz ap kanpe nan wout?

Pou yon enyèm fwa, apèl levekanpe sou tout teritwa a ansyen senatè Moyiz Janchal k ap dirije pati politik pitit Desalin nan te lanse depi plis pase de semèn nan pa respekte jan li te swete sa.

Malgre ensistans lidè lagòch la, konferans de près, entèvansyon nan radyo ak sou rezo sosyal, se kèk santèn moun korespondan nou te remake sèlman nan nò peyi a e ki te rive nan pye ewo yo Vètyè.

Ta sanble okenn lòt kowòdinasyon pati politik la nan lòt vil peyi a pa t okouran de mesaj ansyen majistra Milo a, pou yo ta bay omwens yon siyal yo chak nan zòn pa yo jan li te mande sa. Èske lidè a ap chanje estrateji pou nouvo leve kanpe li anonse pou rive deboulonnen Premye minis Aryèl Anri si newochirijyen an pa ta deside kite pouvwa a nan dat 7 la selon sa akò 21 desanm nan te di l la?

Kisa ki lakòz depi apre asasina Jovnèl Moyiz tout mouvman ansyen konseye Preval la lanse pa ka mòde? Gang ap manje moun, Aryèl pa sou desitire yo, paske yo itil li pou pa gen eleksyon, epi pa gen lidèchip serye ki ka pote yon altènativ, gato a byen separe tout moun jwen.

Lidè a anonse yon nouvo soulèvman jeneral pou 7 fevriye 2024 pou fè Pm Aryèl ki p ap regle anyen kite peyi a. Si sa pa mache se va petèt pou 18 me oubyen 14 dawou 2024 n ap rejwenn lansman yon lòt soulèvman ki pa janm ka ateri. Èske nou ka di lanmò Jovnèl tou pote ale ora senatè Moyiz ? Sou ki baz tou seri moun ap pale de dekredibilizasyon. Yo pa ta kwè nan eslogan li yo ankò? Nou pa gen repons. Antouka, li di se jiskobou! Anpil lòt moun kwè senatè a te gentan konnen Aryèl pap nan peyi a pou fen mwa dawout sa, se sa k fè l te lanse pinga sa a pou Vètyè? Antouka senatè bese sou tranzisyon an anpil.

Anpil militan nou pale ak yo pale de desepsyon ak fatig politik. N ap tann 7 fevriye. #ameriqueinfo7