Politik : Ayiti pran nan zip pirèd ak Gouvennman degrenngòch Gari KONIY (Garry CONILLE) ak tout akolit li yo

Pòtoprens, nan dat 5 Sektanm 2024 – Amérique Info7

Opinyon Jan Wonal KADÈ (Jean Ronald CADET) ekononis, politològ

Ayiti vini pi plis anfonse nan tchouboum depi aprè enstalasyon gouvennman degrenngòch Gari KONIY melanje ak tout akolit sankoutcha li yo. Premye Minis lan pran pòz l’ap mete lòd nan Leta men se pou li kapab fè plezi ak ekip li, alòske mizè popilasyon an ogmante pi plis toujou. Doktè a pran yon pakèt mezi kote l’ap pran pòz se zafè peyi, poutan se zafè pèsonèl ak zafè nouvo pati politik li « RENESANS » li fenk kreye ak Chèf Kabinè’l, Nesmy MANIGAT, sou benediksyon Sophia MARTELLY ki se menm kòkòday ak dechèpiyè yo nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fon Nasyonal Edikasyon an.

Mezanmi pèp Ayisyen an, Gari KONIY disparèt Sant Nasyonal Ekipman yo (en français Centre National des Équipements) nan lide pou li fini ak dosye li a ki douvan Kabinè Enstriksyon kote Jij Al Duniel DIMANCHE ap trete pou move zafè anndan enstitisyon piblik sila. Nan sans sa, Chèf Gouvennman defakto a jwenn mwayen li nonmen Mèt Carlos HERCULE nan tèt Lajistis ki poutan se Avoka’l nan kad menm dosye sila ki te deja douvan Lajistis. Konman nou kapab konprann yon bagay konsa kote PM nan tou antere dosye akizasyon kòripsyon li a nan CNE ? Kite mwen di nou yon lòt bagay ankò paske nou se gran Timoun epi nou pa enbesil.

Menm Gari KONIY sa deside pran kontwòl epi nimerize rekritman nouvo kontraktyèl nan Administrasyon piblik la. Kidonk tout sa yo se blòf kote pou li kapab fè akolit li yo plezi byen laj. « Verite a se pou li bay nouvo pati politik li a baz done sa pou lè Eleksyon rive, y’ap tou vote pou moun sa yo. Mezanmi, Sola tounen nan degwenn nou, fòk nou leve kanpe kont Apatrid ak Kolon sa anndan peyi a pou pita pa pi tris ». Gari KONIY kanpe an mèt peyi kote l’ap pyetine pouvwa Konsèy Prezidansyèl la. Nan sans sa, nou manda KPT a pou li kale je li paske li pral pote reskonsablite deriv sa yo douvan listwa. Pèp la p’ap dòmi ! Veye Gari KONIY ki vle bay gòl ak men.