Gi Filip (Guy Phillipe) ak tout chèf BSAP la anba kòd ?

Mouvman chen-manje-chen an pa nan mitan gang yo sèlman, li nan mitan klas politik, nan mitan pati politik yo tou.

Pati politik phtk, ki sou pouvwa a depi 2011, pa egzan de batay ki genyen ant plizyè sipòtè ak planifikatè nan aktivite politik la. Daprè enfòmasyon k ap sikile, gen preparasyon k ap fèt anndan pouvwa Premye minis Aryèl Anri ap dirije a pou yo ta lage yon manda ralemennenvini dèyè nimewo en BSAP la, Jantèl Jozèf (Jeantel Joseph) ak ansyen ofisye lame d Ayiti a Gi Filip (Guy Phillipe) pou yo ta mare yo, nan yon tan ki pa twò lwen, selon sa jounalis Gèrye Anri (Guerrier Henry) rapòte nan emisyon Boukante Lapawòl, yèswa vandredi 5 janvye 2024 la.

Batay pami gwoup politik la rèd anpil, nou sonje Kiko kont Lamòt, phtk te finanse mouvman peyi lòk kont Jovnèl, enben jodi a Gi Filip kont Aryèl, ki ta sanse 2 moun k ap travay pou menm gwoup, men kont enterè peyi d Ayiti. Nou kontakte yon lòt sous pwòch pouvwa a nou fè konfyans, yo kore enfòmasyon sila a, ki fè kwè manda sa yo nan kouti. Anpil obsèvatè ka konstate, epi fè kwè, depi Premye minis Aryèl ak ekip li pran pouvwa a aprè asasinay ansyen prezidan Jovnèl Moyiz, 7 jiyè 2021, se pou premye fwa ekip gouvènmantal sa a panike konsa devan yon opozisyon. Gen lòt ki di se mouvman paymayi paske se kabrittomazo menm plim menm plimay yo ye, chat konnen, rat konnen, barik mayi a p ap manke.

Si anpil moun kwè pa t janm genyen okenn aktè politik ki te brinding pouvwa a newochirijyen an nan nivo sa a, anpil lòt kwè, e yo di nan mikwo nou, Gi Filip pa ka fè revolisyon paske li abitye travay pou simen latwoublay nan peyi pou Zwazobèkfè. Moun sa yo ap mande tèt yo ki kote kapasite nuizans Gi Filip a soti? Yo mete l an dout.

Yo mande Ki kote menm sa a ap rive ? Nou pa konnen. Sa ki sèten, ansyen rebèl la di se yon revolisyon l ap fè e li di l kòmanse l. Nan kase mayi n a kontwole bougon yo. N aprann, dimanch demen an, Gi Filip ap fè premye rasanbleman li nan Lwès peyi d Ayiti, nan vil Lewogàn. Anplis, ansyen komisè a pwomèt, semèn k ap vini an, li pral mache soti Petyonvil, desann Dèlma, ateri Kafouayewopò, antre nan kè Pòtoprens. Ansyen militè a fè gwo rasanbleman deja nan komin sa yo ki te rasanble anpil moun: Okay, Miragwàn, Bonbon, Wanament, elatriye. Kalib zam moun ki gen bon je wè nan men ekip Gi Filip la, mete sou swadizan detèminasyon yo, n ap mande kouman moun ki pral arete yo, si manda sa yo ta lanse tout bon, pral fè kenbe ansyen rebèl la ak tout ekip li epi pote yo bay doktè Aryèl Anri ? N ap suiv.

Pou Jantèl Jozèf li menm, chèf ANAP ki genyen kò BSAP anndan l, arete l vle di mete plizyè santèn manm BSAP anfas pouvwa a nan divès kwen nan peyi a, e gouvènman an pa menm konnen ni ki kalte zam yo gen nan men yo ni ki kantite yo ye, selon sa Jantèl te di lè l t ap rakonte jan manm pouvwa a t ap bal presyon pou l te bay envantè sou kantite ak kalte zam yo gen nan men yo, nan koumansman ane a.

Èske BSAP se jèm otodestriksyon pouvwa sa a ? Èske Aryèl ap kwaze bra l epi kite yo mare l ak menm mwayen leta bankal l ap dirije a? Ki otorite Aryèl tou sou BSAP ak yon franj nan Polis la? Èske Gi se yon opozan vre? Èske se pa jwèt pikekole a k ap rapousuiv? Èske manman chen konn mòde pitit li jis nan zo? Lè se pa batay pou chanje sistèm, se revolisyon, men te gen anpil kout zo ki te jwe deja, apre sa yo ta pral bliye pawòl sa yo kou premye kazak yo, si w pa kwè n, mande SDP si nou manti. Dout yo anpil sou volonte pou Gi Filip ta genyen pou chanbade sa k gen la a. S on dosye n ap suiv, nou p ap lage w yon may. @ameriqueinfo7