Pwofesè ANTOINE NERILUS
Nan konjonkti aktyèl la, kote teknoloji nimerik ap redefini rapò ant sosyete, kilti ak memwa, konsèp patrimwàn nan sibi yon mitasyon pwofon.
Patrimwàn nimerik pa senpman yon akimilasyon done oswa prezans sou entènèt; li vin tounen yon estrikti senbolik kote idantite kolektif yo konstwi, sikile epi transfòme. Se nan kad sa a, mwen panse, nou dwe sène epi konprann Ariana Milagro Lafond (Ariyana Milagwo Lafon) kòm yon potansyèl veritab resous patrimonyal pou Ayiti, yon aktè ki enskri nan lojik pwodiksyon memwa ak valè kiltirèl atravè sa n rele espas dijital la.
Nan refleksyon Pierre Nora sou « lieux de mémoire » (lye memwa), memwa pa egziste natirèlman; li konstwi, li òganize epi li enkòpore nan espas ki vin pote siyifikasyon kolektif. Nan epòk nimerik la, rezo sosyal yo vin tounen nouvo “sit memwa” kote reprezantasyon nasyonal yo fabrike. Aryana, ak plis pase 15 milyon moun k ap swiv li sou TikTòk, vin tounen yon espas vivan kote Ayiti egziste pa sèlman kòm yon teritwa kriz, kòm yon kote y ap rache moun, boule moun, men kòm yon sous kreyativite, bote ak enspirasyon. N ap pale de konsepsyon lòt pèp de peyi d Ayiti depi aprè ane 2018 yo konsaz e menm anvan sa.
Se yon re-enskripsyon senbolik peyi a nan memwa mondyal la k ap fèt la a pa sèlman ak Aryana men ak divès lòt jèn. Yon peyi politisyen fè tounen yon objè lawont sou kat touristik ak politik entènasyonal la.
An n tounen nan teyori yo.
Nan menm liy analiz la, Pierre Bourdieu (Pyè Boudye) pèmèt nou konprann kapital nimerik Aryana genyen an kòm yon fòm kapital ki gen valè estriktiran. Sa vle di kisa?
Kapital nimerik sa a, ki mezire nan kapasite li pou mobilize atansyon ak entèraksyon, kapab konvèti an plizyè lòt kapital.
Premyeman, kapital senbolik, paske li pote prestij ak rekonesans entènasyonal pou Ayiti. Dezyèmman, kapital sosyal, atravè rezo relasyon li devlope ak piblik mondyal la. Twazyèmman, kapital ekonomik, atravè opòtinite komèsyal ak kolaborasyon. Epi pou m fini, kapital politik (nou pa ta dwe neglije), nan sans kapasite li genyen pou enfliyanse opinyon piblik ak diskou sou peyi li.
Patisipasyon Ariana nan konkou entènasyonal ki valorize enfliyans sou rezo sosyal yo montre kijan chan nimerik la vin tounen yon espas lejitimasyon pouvwa.
Nan sosyete modèn yo, enfliyans dijital pa yon fenomèn periferik. Li se yon eleman santral nan lidèchip, nan maketing sosyal ak menm nan maketing politik.
Ariana te deja yon pwa lou anvan patisipasyon li nan konkou Togo a, paske kapasite li pou rasanble yon odyans masiv te deja mete li nan yon pozisyon dominan nan domèn sa a.
Yon lòt bò, nan yon pèspektiv Michel Foucault (Mochèl Fouko), pouvwa pa yon byen yon moun posede yon fwa pou tout; li sikile atravè rezo diskou ak pratik. Yon moun ki gen kapasite pou fè ant 15 ak 20 milyon moun tande li, reyaji ak li, ap egzèse yon fòm pouvwa reyèl. Ariana ka vin tounen yon pwen ne kote diskou sou Ayiti ta ka reoryante si gen moun ki pou eksplwate sa anvan moman an glwa sa a ekspire.
Sa k ap pase la a gen kapasite pou chanje naratif dominan yo, pou deplase konsantrasyon an soti nan vyolans ak enstabilite pou mete aksan sou potansyèl imen ak kiltirèl peyi a genyen yo.
Fonksyon patrimonyal Ariana depase dimansyon reprezantasyon. Li kapab jwe yon wòl dirèk nan sansibilizasyon gwoup majinalize yo, nan ankouraje solidarite sosyal ak nan ranfòse koyezyon nasyonal la. Enfliyans li se yon levye ki ka mobilize emosyon, konsyans ak aksyon kolektif. Nan yon kontèks kote Leta ak enstitisyon sosyal yo t ap jis genyen pou yo lite pou rekonstwi lyen sosyal yo nan yon lòt dimansyon politik sosyal, yon aktè tankou demwazèl sila a ta kapab vin yon medyatè enpòtan ant divès kategori sosyal yo.
Paralèlman, li enpòtan pou mete aksan sou lòt figi jèn Ayisyen ki ap konstwi patrimwàn vivan peyi a.
Jean Gardy Charles, atravè aksyon li pou pwomosyon lapè an Ewòp, espesyalman an Itali, kontribye nan kapital senbolik Ayiti sou plan entènasyonal. Abigaëlle Alexandre, ki briye nan konkou elokans an Frans, montre kapasite entelektyèl ak diskisif jèn Ayisyen yo.
Sephora Drouillard, nan pwòp domèn li, patisipe tou nan dinamik sa a. Ansanm, yo fòme yon rezo kapital imen ki ranfòse prezans Ayiti nan espas mondyal la. Se konsa m konprann epi apresye jèfò pa yo nan domèn pa yo, san okenn henk nan kè ni jalouzi. Nan yon lespri laj ak bon jan apresiyasyon.
Nan yon moman kote imaj Ayiti sou sèn entènasyonal la souvan asosye ak vyolans estriktirèl, fenomèn sa yo vin pote yon soulajman senbolik. Yo konstwi yon lòt naratif, yon lòt vizyon, ki ka atire enterè ak kiryozite.
Pa etone si ta gen jèn, menm nan kontinan Afriken an, ki ta dekouvri Ayiti atravè Ariana epi devlope yon dezi pou konnen peyi a, menm pou vizite li, malgre ensekirite politik ki gen Ayiti a. Gen posibilite pou pwochen konkou a ta menm fèt Ayiti si n jwenn ti kal lapè.
Sa montre kijan patrimwàn nimerik la ka jenere nouvo fòm atraksyon kiltirèl ak mobilite.
An dènye analiz, Ariana Milagro Lafond enskri nan yon lojik patrimwàn kote enfliyans, memwa ak kilti kwaze pou pwodwi nouvo fòm pouvwa senbolik. Manzè pa sèlman yon enfliyansè; li se yon enstitisyon nimerik vivan, menm jan ak divès lòt jèn, san n pa bloye foutbolèz Kòvenntina, yon resous estratejik pou Ayiti, ki kapab kontribiye nan rekonstriksyon imaj peyi a, nan ranfòsman koyezyon sosyal, epi nan ouvèti nouvo orizon pou jenerasyon k ap vini yo.
Pwofesè Antoine NERILUS
Doktoran chèchè nan syans Politik
Jounalis
Espesyalis nan gouvènans Leta
Masteran nan Istwa, Memwa ak Patrimwàn

