Leta ayisyen efondre ak tout mit li, ak tout baliz li, menm manfouben nan espas lafwa yo pa epanye.

Ameriqueinfo7

Bandi ak zam kase Premye Legliz Batis Pòtoprens, pandan peryòd soti dimanch 24 mas pou rive dimanch 7 avril 2024 la. Kriminèl yo pote ale tout materyèl ki te anndan tanp sa a, ki chita kò l nan ridlareyinyon (Rue de la Réunion), Pòtoprens, Ayiti. Mesye yo pran tout materyèl son yo, tout materyèl pwojeksyon, tout materyèl enfòmatik, chèz ak ban, elatriye.

Pastora legliz la di li lage sa k pase a nan men « Granmèt ki gen tout pouvwa a », epi yo mande fidèl yo si yo gen legliz evanjelik tou pre lakay yo, nan zòn yo abite, yo ka al adore nan yo, epi yo ka suiv priyè legliz viktim nan anliy, sou telefòn yo. Zèfèyis yo piye legliz sila a ki gen 188 lane depi l te jouke nan plas sa a. Yon legliz ki chaje lòt afilyasyon batis nan divès komin anndan peyi a.

Nou te kontakte plizyè pèsonaj avize sou zak sa yo k ap pase nan sosyete ayisyèn nan e youn nan yo, ki se pwofesè/politològ Antwàn Nerilis (Antoine Nérilus), fè n konnen sa k ap pase a tradui absans ak demisyon tout elit yo nan sosyete ayisyèn nan, dezenstitisyonalizasyon oubyen iresponsabilite Leta a, ki lakòz tout ranpa/baliz sosyete a tonbe depi kèk tan, men ki sèlman vin pi vizib jounen jodi a, selon li.

Doktoran nan syans politik la fè konnen depi Leta a desakralize, depi l pèdi valè li nan je pwòp moun ki t ap dirije li yo, li pèdi valè l otomatikman nan je tout sitwayen nan kò sosyal la, ki yo menm t ap sibi sadism fo sèvitè Leta a, sa ki lakòz sitwayen viktim yo vin pa gen respè pou pèsonn ni anyen ki sou teritwa a, ke l sakre, ke l pwofàn. Senbòl yo efase nan imajinè sosyal ayisyen an, sa ki ap akselere destriksyon nasyon an.

Pwofesè a fè nou konnen dejeneresans sosyal n ap viv la a se rezilta move gouvènans ak move direksyon moun ki te dwe aji an elit politik, sosyal ak relijye yo an Ayiti, ki kounye a ap ba nou imaj sa yo kòm rezilta regretab li rele imaj apokaliptik de yon destriksyon lan (dousman), ki pa ta ka diferan, paske se pou sa notab nan tout sektè sa yo te travay, se pou sa leta fantòch la te travay, pafwa san yo pa t menm okouran si se sa rezilta a t ap ye nan sosyete a an 2024, ki afekte yo tout san distenksyon.

Nòmalyen siperyè a di « si lòj masonik, legliz katolik, tanp kabalistik, legliz pwotestan, (tout sèk ak denominasyon yo), kad nan pouvwa jidisyè, peristil ak Lakou vodou yo, kad Laprezidans, ap sibi zak vyolans ki soti anba men gang yo se yon efè domino ki gen yon pwopagasyon alafwa espasyal ak tanporèl ki kadre ak iresponsabilite ak ensousyans lidè ak sèvitè swadizan « espas elitis » sa yo, mete sou enkapasite moun ki te dirije peyi a nan 60 lane ki sot pase yo. N ap pale de seri de moun ki pa t ki panse sosyete a (ni ak evolisyon sosyete a) ni pwoteje okenn bon aki kiltirèl, enstitisyonèl ak òganizasyonèl nan konstriksyon primitif lòm ayisyen an, sa ki vin bay konstriksyon yon franj moun ou ta di ki gen demon anime yo, ki se fwi eksklizyon ak maltretans, epi demon sa yo rive manje, san okenn konpasyon, pitit « Bondje », pitit lwa, pitit Sen Michèl Akanj, elatriye.

Nou nan yon langaj senbolik pou n dekri yon decheyans sosyetal inedi. Sa vle di, yon tablo nou pa t ko janm viv ni wè avan sa nan tout listwa nou kòm nasyon.

Toujou selon sa politis la rakonte n, moun se yon konstriksyon e se chak antite sosyal, anba liy Leta a trase ki kodifye ak lalwa (lwa pozitif ak natirèl nan sans antwopolojik), ki patisipe nan konstriksyon sa a pezape sou fòm sa l rele « sosyalizasyon » ak edikasyon, pou swa konstwi/anbeli menm Leta sa a oubyen detwi li, selon matyè konstriktè yo te mete nan baz konstriksyon an.

Jèm yo te mete nan baz kle a tankou tretman san majinalizasyon, ekite ak jistis sosyal, respè sa k sakre, respè patrimwàn, depi avan chak pitit nasyon an fèt, sa vle di depi nan vant manman li. Epi, fè tout pitit tè a konnen epi santi sa k anndan peyi a se byen pa nou chak yo ye. Pou okenn Ayisyen pa santi li imilye ni etranje sou teritwa a sou baz kliche ki lye ak klas, katye yo fèt, lang yo pale ak koulè po yo, elatriye.

Kisa n ap viv la a? Pè, mè, pastè, evanjelis, houngan, manbo, venerab lòj, monseyè, jij, tout moun viktim decheyans sosyal ayisyen an. Anpil nan yo mouri anba bal oubyen boule anba dife.

Valè moun sa yo, imaj yo te reprezante 60 lane de sa, e me m plis, tou tonbe nan labou ak tout onè leta a pwòp sèvitè li kraze plat ». Yon sistèm jesyon etatik san timachi. San kilti lonè.

Politològ la pale de renesans ak rekonstriksyon èt ayisyen an sou mezi istwa li, mès li, koutim pa li ak adaptasyon nesesè an fonksyon de tan prezan an, avan menm Leta a resi kapab reprann kote sakre li, kote mitik pozitif li, menm si li admèt sa ap pran plizyè deseni pou sa ka rive posib e se pa ak nenpòt tip Ayisyen li ap ka posib.

N ap konkli pou n di depi tabou yo, mit yo, modèl yo ak senbòl nan imajinè komektif yo krabinen, sosyete a ap detwi totalman, sitou si mit sa yo te konstwi sou manti, enjistis, pampibon ak majinalis sosyal.

@Ameriqueinfo7