Ayiti yon peyi ekonomi li viv gras ak san

Kisa sanksyon kont chèf gang yo ap itil ? Èske chèf gang yo te konn vwayaje? Èske yo te gen lajan ak byen nan peyi etranje?

Pandan tout peyi a fokis y ap tann lis sanksyon Nasyonzini kont politisyen ak òmdafè k ap dolote gang, bay gang tete, finanse zak vyolans tout kalte, sitou sou fanm ak tifi, Nasyonizi menm pibliye lis sanksyon ki gen kat (4) chèf gang, Vitèlòm, Lanmò san jou, Izo AK Tilapli. Anpil obsèvatè mande kisa sanksyon sa yo itil? Èske sanksyon sa yo pral kalme sitiyasyon laterè ki gen la a? Èske sa pral fè mesye yo manke zam ak minisyon?

Lis pèp la ap tann nan bloke nan wout. Nou sonje anpil òganizasyon dwa moun te mete nou angad kont lòbiyis yo di ki te ka bloke lis la, chòz di chòz fèt. Blakawout total! Gen sous diplomatik ki di se Lachin ki bloke lis sanksyon kont politisyen pouri ak maladren sal nan sektè ekonomik lan, gen lòt sous kifè kwè ya p tann poulen yo Aryèl Anri (Ariel Henry) jwen yon akò politik ak nèg ak fanm politik ak katap ka p tyeke djòb . Dènye sanksyon ki fenk tonbe yo se sanksyon Wayòm Ini ki gen ladan l 4 peyi, Angletè, Ekòs, Peyidegal ak Ilanddinò. Se Fednèl Moncheri (Fednel Monchery) ak Pyèricha Diplan (Pierre Richard Duplan) ki jwenn sanksyon pou patisipasyon yo nan dosye masak Lasalin nan, pandan dosye sa ap pouri nan tiwa lajistis nan peyi d Ayiti. Èske nou ka konte sou Blan an? Èske moun ki kreye pwoblèm yo se yo ankò n ap tann ki pou vin rezoud yo? Esle lè blan konn bezwen vini la eske konn tout trennen pye sa yo? Èske sanksyon yo ka pou yon ti gwoup pandan menm sila k ap bay sanksyon yo kontinye ap tete lang ak yon bann lòt kriminèl ki itilize gang pou garanti enterè politik ak ekonomik yo?

Bagay la klè pa gen okenn volonte bò kote okenn sektè nasyonal kou entènasyonal pou jwenn bout kriz la. Nèg yo pa deside koupe branch yo chita. Kriz la se pou pèp la li pa bon, men politisyen, òmdafè, diplomat, òganizasyon entènasyonal tout ap fè bè yo sou san pèp la, e se sa k fè nou fini pa konprann ekonomi ki la a se ak san pèp ayisyen li mache. Chak yo chita, anyen p ap janm tonbe depi yo pa wè milyon pa yo a.

Konte sou moun sa yo pou n jwenn yon solisyon pa lòt bagay ke konfye malad la a menm malfèktè k ap manje l la ankò, paske depi lontan ratmòdesoufle yo toujou itilize san pèp la pou yo defann enterè tikoulout yo.

Plis san ap koule se plis ap gen yon sektè Ayiti k ap anrichi yo pi plis e fòk gen kriz pou gwo palto laba vwayaje, fè lòbi, moute komite pou brase sou do soufrans mas yo k ap jemi an Ayiti. @AmeriqueInfo7