Gransid peyi a koupe ak Pòtoprens

Depi premye novanm, ofisyèlman, bal ap pete Maryani, y ap fouye moun, y ap ransonnen chofè, y ap kidnape moun, y ap touye moun. Lapolis fè plizyè tantativ, men sa pa t bay rezilta paske mesye yo tèlman alèz yo gentan tabli pòs peyaj yo, y ap fè sikilasyon. Yo se sèl kòk chante sòti Maryani pase Mèje pou rive Gresye e menm Lewogàn pa epanye.

Nan dat 27 novanm ki pase a bagay la ta pral gate, lè lapolis te mete pye l atè, lè yo te debake sou yon machin banal pou koresponn ak bandi yo. Sa w tande a, anpil nèg ki t ap fè resèt bwè dlo bouch yo. Te gen anpil viktim kolateral, e lè sa a plis pase 6 moun te blese nan yon ti bis. Ayè 28 novanm lan, korespondan n te konte anviwon yon kenzèn kadav soti Maryani pou rive Makòm. Zòn sa yo santi ak mò. Se pa ti santò!

Anpil chofè moto yo di ki te sèvi antèn, oubyen ki te konn bay gidon, mouri san konte gang ak moun ki t ap pase. Pou maten mèkredi 29 novanm sa a, anyen pa chanje, wout la bloke depi bò Senchal rive Mèje. Machin pa ka frekante wout sa a paske operasyon yo poko fini. Kounye a, Lapolis ap fè alevini. Gen lòt polisye ki met pye yo atè pou goumen ak nèg pye atè yo. Ameriqueinfo7 sou plas, n ap tounen pou n fè enfomew.